7 fevriye avan solèy leve, AYITI libere, dezyèm endepandans. Sa se pawòl ki pale gwo koze, ke nou jwenn nan yon kokenn chenn chante, Gwoup septan triyonal te fè, pou selebre fen rejim Divalye yo.

Yon rejim, kote Moun yo nan popilasyon an, te about ak

li. Pèp Ayisyen ak JAn Klòd Divalye te vin tounen lèt ak sitwo an. Prezidan an, te konsantre pouvwa a sou Juisans pòch li ak ti klan ki tap pyafe ak li yo, ke Avni pèp Ayisyen.


Yon lòt bagay kite vin lakòz Fineray Diktati a.

Si se vre opozisyon an te jwe yon wòl, nan panike pouvwa a. Men lè nap sonje depi 1915, gen yon sistèm kap layite kò l. Yon sistèm okipasyon, Repibliken ak Demokrat plante nan peyi Dayiti, se yon reyalite ke yon pouvwa, pa ka chavire san Otorite gouvènman Ameriken, pa ba li do.

E se egzateman sa ki te vin fèt !Menmjan pou rejim nan te pase omwen 30 ane sou pouvwa a, fòk Etazini te bwa dèyè bannann diktati a, se konsa tou,pou rasin diktati a te rive derasinen, fòk Etazini mete rach la nan derasinen rasin yo.


 Kisa ki te vin lakòz chanjman sa a?

Se te kontèks jewopolitik nan maman an, ak plak yo ki te vin ap chanje direksyon ,ki te vin lakòz viray sila a.

Nou sonje rezon prensipal, ki te fè Gouvènman Etazini an, te nan kan Divalye yo: se te Kontèks Gè fwad la.Yon yon zizani Mondyal,ki te egziste ant 2 gwo peyi, ki te ranpòte lamayòl nan 2 zyèm gè mondyal la. Peyi Etazini ak Lawisi.

E2Peyisa yo,tevinap twoke kòn yo, pou se youn nan yo ki tounen, bèf sipa nan savann nan.


Aprè kiba te vin rantre nan kan linyon sovyetik ,peyi Etazini te vin gen

lapèrèz, pou Ayiti pa vin yon dezyèm Peyi satelit

kominis, sou kontinan Ameriken an.

kòm Divalye te nan dyèl ak Mouvman kominis yo nan peyi a,enben Etazini te wè entèrè yo nan Divalye yo. E anpil fwa gen kèk kou rejim Divalye a, te rive pare anba grif opozan kominis yo, se gras ak sipò sèvis ransèyman Peyi Etazini.

Kòm politik la pat janm estatik, li dinamik. se pyon yo kap chanje sou echikye a, nan ane 1980 yo, tout gwo konesè nan domèn estrateji politik te vin wè ke sistèm sovyetik la ap bat lakanpangn.


Li te sou chimen pou l efwondre. Jou yo tap konte,pou Gouvènman Etazini an fè gangn nan gè fwad la.

Nan lespri otorite Ameriken tou, yo ta pral planifye,pou gen chanjman nan koze politik,ke Etazini genyen ak lòt peyi.

Piman bouk la se te :Derasinen Sistèm Diktati yo nan mond lan,dekwa pou peyi Etazini, ka parèt kòm fòs moral.

Non selman Gouvènman Ameriken an pral kòmanse pran kèk pa distans ak rejim Divalye a.


Men tou, yo ta pral manniganse ti jwèt anba,anba ak opozisyon

an, pou chofe beton anba pla pye rejim nan. Yon lòt bò pa mwayen kanal diplomatik yo, Gouvènman Ameriken ak Satelit li,Ki se Gouvènman Fransè a, ta pral komanse fè presyon sou Prezidan Jan klòd. Nan ka sa a, pa gen wout pa bwa: Rache Manyòk la,bay tè a.

Chòy di e chòy fèt, 7 fevriye 1986 pentad yo kraze rak !

Nan bouch fanm ak nèg save, melanje ak sila yo, Ki pat gen chans li nan moso silabè gen yon sèl koze kap pale: BANBÒCH DEMOKRATIK 


BANBÒCH DEMOKRATIK.

Se te yon bèl kantik.

Men Moso kantik sila ,pouse nou poze yon lòt kesyon:

BANBÒCH DEMOKRATIK POU KIYÈS ?

Nou pap egzajere si nou di 99 pou 100 nan moun ki te konbat Jan Klòd yo pat gen anyen, pou yo te wè, ni deprè ni de lwen ak Demokrasi. Aktè andedan peyi a, ak aktè sou sèn oksidantal yo.

Aktè nan peyi yo se te yon bann Gagotè. Objektif yo se te efase rejim nan, epi vin gagote. E si wap konpare 30 ane rejim Divalye a ak 36


Ane fòs fènwa, manipilatè ak manipilatèz demokrat

yo, wap fini pa wè ke yo pi kriminèl, pi kowonpi ke Divalyeris yo.

E si jodia ou ta di pèp la, chwazi ant 2 sistèm matyavelik sa yo,pa gen okenn dout: Ant SATAN AK LEDYAB: Yo tap chwazi SATAN sistèm Diktati a.

E bokote Entènasyonal la li menm, zafè simen Demokrasi nan peyi Dayiti a, si w ta fouye nan ti

kanè, Depatman deta ak Kèdòse, ou pa fouti jwenn sa te ekri.

Prèv yo douvan zye nou la. kominote pwisans oksidantal yo patisipe nan tout koudeta ki resiyi nan peyi

DAYITI. koudeta bayonèt ak koudeta elektoral.

E yo telman fewòs nan misyon pou Demokrasi pa boujonnen nan peyi

DAYITI, lè yo parèt ankonbre, nwizib ak twòp koudeta bayonèt,yo envante koudeta elektoral.

Nan ane 2006 pou evite yon dezyèm tou legal, enben yo envante yon koudeta elektoral.

San yo pa ni wont, ni jennen: Yo fè separasyon vòt blan bay kandida yo. Yon pratik san koutcha, yon vèmin pou lasante Demokrasi.


Yon aksyon konsa, menm nan sosyete diktati fewòs ou pap jwenn yon ka konsa. Epoutan se sa Disip demokrat yo fè nan peyi DAYITI, nan komansman 21 syèk la.

Aksyon lamantab sa a te pase sou Jòj Bouch, yon prezidan repibliken

Nan eleksyon 2010 yo, sou Gouvènman Demokrat yo ki te gen Barak Obama nan tèt Pouvwa a. Gouvènman Ameriken an pral fè presyon sou otorite Ayisyen yo pou se jwè depatman deta a, ki ale nan dezyem tou.

Yo detwi volonte Pèp la jis jounen jodia nap peye pri chango sila.


Poukisa ti moso rapèl istorik sa trèzenpòtan? Se jis pou nou rive wè, ke pitit fi sila a, ki rele DEMOJRASI a:

SE PWÒP PAPA L ki rive pran VIJINITE L .

Se ak dlo nan je nap di: Aprè anpil soupi pou AYITI pa trepase, inik moso lapawòl ki ka sòti nan Gagann ni se ELAS!

1 janvye 1804, premye endepandans pase nan ma labou. 7 Fevriye 1986 pou anpil moun ki se dezyèm endepandans ,li menm tou li pase nan manje kochon, Sa fè nou sonje ak yon koze


Frè paran yo di, nan yon chante: POU TOUT LIT PÈP MENNEN...SE LI KI PA JANM ANYEN!

Si w pran yon ti tan pou w gade

fonksyònman, jenerasyon fanm ak Gason politik Sòti 7 Fevriye 1987 pou rive jodia:

Alawonnbadè! Tout anrichi pwòp tèt yo, sou mizè ak kalamite pèp Ayisyen an. Avan 1986 yo te rete nan bidonvil, aprè 1986 yo vin rete nan katye chik.

Sou Divalye se te chen ki tap tranpe kasav pou yo,aprè Divalye, se woma kap layite nan bèl legim yo. Nan ka sa a :Kisa n ta dwe fè ?


PA JANM GEN 2 SAN TRENNEN 3

Pi gwo kesyon ki ta dwe poze jounen jodia se ki lè 3zyèm Endepandans lan ap fèt ?

Yon 3zyèm endepandans ki ta dwe gen Vokasyon: REVEYE KONSYANS BON MOUN KI NAN FON SOMÈY.

Yon 3zyèm Endepandans kote Ayiti, ap bezwen bonjan entèlokitè serye ki pwòp nan Kè ak nan lespri. Ki gen kapasite akademik, pou tanmen bonjan negosyasyon ak Otorite PUISANS MONDYAL YO. Pou Enterè pèp la resi, moute tab negosyasyon yo.


Yon 3zyèm Endepandans PATRIYOTIK .

Ki konnen LISTWA AK GRANDÈ ke peyi DAYITI genyen, nan Listwa inivèsèl. 7 fevriye pa dwe tounen yon dat kraze, brize.

7 fevriye dwe yon dat pou nou liminen, pou n chache fòs bon sans, dekwa nan ane kap vini la yo, pou nou sispann fè chwa.

« POLITISYEN SOVÈ PÈSONÈL. YON MESSI GRENN 5 Kap jwe pèsonèl san enterè kolektif !

Lè a resi rive atò pou n fini ak jenerasyon 1986 sa. Tout plim, tout plimaj sa a.


Jenerasyon 1986 la, se Gaz ki nan lanp sistèm 1915 lan. Jenerasyon sa a, fè nou twòp Mal, Twòp Avni jenn fanm ak Jenn gason pase nan mera.

Jenerasyon sa a, se ti ban gwo sistèm 1915 lan.

Nou tap kannannan anpil, si se Kategori Politisyen yo selman, nou endekse ak dwèt lendèks nou.

Ou jwenn kolonn malfektè ak malfektèz sa yo, nan SOSYETE SIVIL, NAN MEDYA, NAN RELIJYON, NAN FAKILTE LETA YO AK NAN SEKTÈ PRIVE A eksetera.

Pawòl nou pral di la yo, merite pou nou kite l donnen nan zo bwa tèt nou.


Pou 3zyèm Endepandans lan POSIB fòk nou EDIKE PÈP AYISYEN an.

FOK FANM AK GASON AYISYEN YO REMARE ZANMITAY AK PWÒP IDANTITE YO. PWOP LISTWA YO AK PWÒP KILTI YO.

Nou konsyan ke Travay la Pwès anpil ! Men ak VOLONTE, melanje ak DETÈMINASYON nou Kapab reyisi 3 zyèm Endepandans lan. Kwak nou te sibi 2 premye echèk yo.

E nan lespri SEN JAN PÒL 2 FÒK BAGAY YO CHANJE NAN PEYI DAYITI.




REFLEKSYON 

Chanel Saint Louis 

©GRENN BANBOU...