VIVA VIDEO

Sa gen kek ane fè montage videyo, se yon bagay ou te dwe al aprann lekol
ki te koute chè anplis, men depi kek ane evolisyon mond nimerik la chanje anpil bagay
avèk arive youtube kom platefom video ki pemet moun pataje konpetans yo, konesans yo ak lot moun gen anpil bagay moun pa al lekol pou aprann yo anko preske.
montage video pa exemple gen plizye milye video ki diponib sou youtube pou moutrew koman pou fe montage video
evolisyon mond nimerik la pemet anpil bagay chanje, si nou kontinye sou montaj video, padan lontan ou te bezwen yon odinatè pou fe montage videyo.
men se pa tout moun ki ka ofri tèt yo sa achte yon odinatè.
evolisyon nimerik pote chanjman majè ki vin fet li possible depi kek ane pou fe montaj video sou telefon ou, devlopè yo moun ki ap fe aplikasyon vini avèk anpil aplikasyon ki trè profesyonel
an 2020 gen plizye milyon telefon entelijan ki vann chak ane avèk pefomans ekstrawodinè li possible pou fe anpil bagay sou yo, yon seri bagay kek ane avan sa ou te oblije gen yon odinatè pou fe yo. gen plis pase 100 aplikasyon montage video sou telefon, men tout pa rive adapter vreman ak sa nou bezwen fe kek fwa.
nou ka site pou exemple sa ki pi popile yo tankou

    Disponib sou android
  • power director
  • viva video
  • kinmaster
  • shotcut
  • Disponib sou ios
  • imovie
  • Luma Fusion
Men formation nou genyen ki disponib sou chanel youtube nou an se yon formation sou viva video, ki ap mmoutre w fe montaj a-z sou viva video
ou ka poze kesyon nan komantè, si sa mande yon video nap fe yon video pou esplike sa ou pa konprann nan, tout video yo konpile nan yon playlist ki gen 10 video.
viva video disponib nan 2 vesyon yon vesyon gratis ki pemet ou fe montage san problem men ki jis bloke kek fonksyon
Aprè sa gen yon vesyon ke ou peye pou li ki gen tout fonksyon yo. ou ka fe yon mmontaj vreman profesyonel ladan, menmsi sa ka pran ti tan pou aprann tout fonksyon aplikasyon an
Aplikasyon an pa difisil pou aprann. Gen lot posibilite pou telechaje aplikasyon an men ki pa sou playstore ke wap jwenn lyen yo nan descriksyon video sou youtube.
profite de formation sa ki pap koute yon goud, profite pou ka itilize telefon ou pou aprann, pou kreye.

>