KOMAN POU VANN MIZIK OU SOU ENTÈNÈT
An Ayiti nou gen anpil atis ki nan domèn mizik ki depanse anpil lajan pou fe mizik fe maketeng pou pemet moun konnen mizik la. Men yo menm yo pa jwenn anyen kom profi lajan deye, souvan se moun ki fe lajan ak mizik yo.sak koz sa?
Gen yon problem majè anpil moun pa vle touche, se problem kote Ayiti bloke sou anpil platfom ou bank an liyplatfom sa yo te kapab ede atis yo distribiye mizik yo byen fasil. Platfom yo bloke an Ayiti e tou pa genn okenn enstitisyon finansye ki pèmèt jen yo gen akse ak yon mwayen peyman an liy
ki te ka pèmèt yo itilize l pou vann mizik yo an liy. sa vin koz travay anpil atis ap gaspiye, souvan moun mete mizik sa yo ssou youtube e lot platfom ki fe anpil vizyonman men atis yo pa jwenn anyen de sa
atis Ayisyen ki benefisye sa se souvan atis ki gen yon moun nan peyi etranje ki pemet yo kreye yon tuncore ou distrokid, pou pèmèt mizik vann ou pèmèt moun tande mizik yo.
oubyen se atis ki siyen ak yon label ki souvan benefisye de sa, men nou tout konnen an Ayiti tout Preske pa gen Label. Se chak atis kap travay pou kont li ak sipo lot moun pou mete tet li deyo. Jodia nan videyo sa mwen ap prezante nou yon Platfom ki pèmèt ou fe sa byen fasil depi ou jis bezwen gen yon kont paypal. M Swete ke videyo sa ede tout atis vann mizik yo yon lot jan e sispann gaspiye travay yo.
0 Commentaires