Bonjou tout
Mwen swete nou byen, jodia mwen fe videyo sa pou m moutre nou yon teknik ke anpil moun poko konnnen ki kapab pemet nou grandi vizibilite nou sou facebook, Facebook vin yon platfom ke ou pa ka pa sou li si ou gen yon biznis an 2020, paske facebook gen pliske yon milya moun ki ap itilize l et plizye milyon moun ki aktif sou li chak jou. men souvan anpil nan nou rive nan pwen kote moun pa ka ajoute nou e nou pa ka ajoute moun non plis paske ou atenn limit zanmi facebook mete a ki 5000 moun, nan videyo sa wap aprann koman ou kapab transfome profil facebook sa an yon paj facebook, san ou pa itilize teknik malonèt, ak yon fason legal facebook mete sou pye pou moun ki ta vle transforme profil yo an paj facebook, ak yon paj facebook ou pap limmite nan kantite moun ki ka like paj ou an. se yon bon teknik pou moun ki gen biznis an liy ki vle gen yon pi gwo kominote ki soti nan antouraj li san li pa rekomanse a zero nan al kreye nouvo paj et voye envitasyon bay tout moun pou al like paj li an. facebook pemet ak mwayen sa pou transfere tout moun sa yo sou nouvel paj ou ap kreye apati de profil ou an san ou pa bezwen voye envitasyon ba yo, paske yo ap ajoute otomatikman sou paj ki baze sou profil ou an.
mwen swete ke sa itil tout moun ki nan sitiyasyon sa.
si ou gen kesyon pa bliye poze l nan komantè sou chanel youtube nou an oubyen ekri nou an prive sou facebook.
lyen direk pou ale sou sit sa ki pemet ou transfome profil facebook ou an paj
https://www.facebook.com/pages/create/migrate
0 Commentaires