BSAP se yon enstans nan leta a,ki trouve l anba lobedyans Ministè anviwönman.
Si nou kesyone rapèl istorik yo,y ap fè nou konnen se sou Gouvènman Jovenel Moïse la,enstans sila te pran nesans li;e objektif li :Se PWOTEJE ESPAS KI TRÈZENPÒTAN nan anviwònman peyi Dayiti a. Nou ka site kòm egzanp :Pak Makaya,Basen Ble elatriye.
Lè BSAP te ti kat kat, lasosyete pat andyoze ti bebe a.Rezon an ,se paske popilasyon pat danse kole ak Prezidan Moïse ,e tout sa Gouvènman jovenel nan te mete sou pye kit li te rele
ANI ,oubyen BSAP ;majorite Moun te kole etikèt move zangi sou li alavans !
Reyalite sa te vin lakòz pat gen okenn pwojektè ki limen sou BSAP.Men ,BSAP la! Timoun nan rale,li mache,li pale,li grandi e li vin tounen yon gwo jeyan nan savann nan.E BSAP pral vin SIPÈSTA !
Nan moman abitan wanament yo deside ,bay Ayiti yon ti souf Grandèt li,pwojè kanal la pral lage tankou pitimi san
gadò ,Otorite Dominiken yo ak otorite Ayisyen deside fè konplo ,pou touye tipoul kanal la andedan ze a;e BSAP pral jwe yon gwo wòl istorik nan pwoteje ze kanal
la anba pay;e tipoul la pral sòti vivan !
Konba istorik sa a ke BSAP pral fè a ,pral fè Ayisyen nan tout rak kwen chante tedeyòm, kòm levanjil remèsiman pou BSAP.BSAP yon ti zanfan yo te konsidere kòm move lawon,pral tounen pitit fanmi pi chouchoute !
Men...kite kantik pran
priyè :Marijann Lasajès fè konnen :Lè w fin grenpe pou w rive nan zo bwa tèt piramid la ,fòk ou pran anpil prekosyon ,pou tèt vire laglwa ,pa bay lapezantè leman,pou l rale w,chavire anba.
Malerezman se sa ki pral rive BSAP.Chèf BSAP la ki rele
Jeantel Joseph pral gen yon djon revolisyon kap danse nan tèt , li pral foure BSAP nan koze revolisyon sou tèt cha.BSAP pral trayi misyon ke batistè li te bali,e Gouvènman an pral chante libera BSAP pandan BSAP toujou vivan.
Nenpòt moun ki gen bonsans, te deja konnen depi lè BSAP foure tèt li nan revolisyon sa a,non sèlman BSAP bay Gouvènman yon pas ,pou l mete balon an kan .Men BSAP tou koupe branch li chita sou li.
Pa janm bliye sa :wòl BSAP se pwoteje zòn anviwònman nou.BSAP se yon pyon nan pouvwa a.premye erè BSAP fè :se kale gwo zam sou tout
rezo sosyo,zam ke ni ti konmkonm lame a pa genyen, ki dire pou brerenjenn Lapolis.
E lè w kesyone ki kote zam sa yo sòti ?Minis anviwònman an pa gen okenn eleman repons ak kesyon sila.Tout Enstans nan leta soufri maladi bèbèkè.
Nan domèn sekirite olye ke BSAP ta reprezante yon bonè pou larepiblik,zam sa yo ke leta pa gen kontwòl sou yo,vin reprezante gwo menas pou repiblik la. Nenpòt akizasyon gwo chèf yo ta vle mete sou do
BSAP ,zam sa yo ap ba yo rezon an ,nan 2 pla men yo.
Yon lòt gwo erè ankò BSAP
vin fè ,se lè li vin twouve l nan kan Guy Philippe.Kiyès Guy Philippe ye ?Se yon moun ki pran prizon nan peyi Etazini pou konivans li nan zafè Dwòg.E sa pou n toujou sonje ,Guy Philippe plede KOUPAB !Bon ...li di se pou l pat kanni nan prizon :Sa se yon lòt deba !
Lesansyèl gen yon eleman ki andedan leta ki asosye ak yon endividi ki plede koupab nan koze dwòg !Alyans sa a vin lakòz ke BSAP vin yon eleman trè danjere pou sa yo rele nan Lang fransè a « LA SÛRETÉ DE LʼÉTAT »men tou li vin tounen yon leta nan leta.
E kelkeswa peyi sou latè ,pa gen okenn Gouvènman kap
asèpte yon bagay
konsa .Nou gen yon egzanp ki byen fre tankou kola
15 ,nan frijidè memwa nou:
WAGNER nan peyi Lawisi.Prigojine ak lyetnan li yo ,telman vin puisan militèman ak ekonomikman nan peyi Lawisi,Yo vin fè tèt yo pase pou yon leta nan leta.
Yo rive yon lè ,yo menm deside atake leta a,nan fen seri a ,nou konnen kòman sènaryo a te fini.Otorite yo elimine prigojine ak tout lòt manb fò ki te nan administrasyon WAGNER
a ,jodia Gwoup Wagner a vin anba zèzèl Gouvènman Lawisi a.
Yon lòt egzapn ankò :Lè nou fouye Paj Listwa ,nan evènman 2000 yo,nou sonje te gen yon gwoup rebèl ki te leve kont gouvènman Lavalas la.Lavalas fin tonbe , Lè negosyasyon pouvwa ap fèt:Tèt kana revandikasyon rebèl yo ,pa moute tab la.
Komandan RAVIX fache, e li anonse ke l pap bay legen,lap goumen dekwa pou li menm ak solda l yo,jwenn fwi travay yo.
Eske nou sonje sa kite
pase ?Leta a ak Puisans oksidantal yo wè ke RAVIX tounen yon menas pou Enterè yo,enben yo elimine RAVIX.E pi mouvman kraze.Tout ti solda repliye ak dlo nan je.
Gen lòt egzanp ankò nou te ka pran:KOTE MOUVMAN REVOLISYON FANTOM 509 LA ?Anbasad Ameriken jis sòti yon nòt ,epi li fè konnen nan nòt la ,ke fantom 509 se yon Gwoup Teworis,menm kote a fantom 509 vale saliv li.
Listwa pwouve sa,depi nan lagrès antik,pase pran anpi women an,depi w se yon may nan chenn leta a,Ou leve kont leta a,ou vin tounen yon sib pou leta a eksploze !
Note byen :Menmsi Gouvènman Henry pat chante libera
BSAP ,Gouvènman ki tap vin apre a tap fè sa!Paske Leta
Ayisyen vin pèdi kontwol BSAP.E Jeantel Joseph fè BSAP vin tounen antrepriz prive kap egzekite pwojè revolisyon yon sivil.E se byen malere se jan de moun sa yo,ki nan tèt yon seri Enstitisyon ki ta dwe itil peyi a.
Gen zèfèyis kap di :Men non ,nou bouke ak Sistèm ki la a,fòk nou jete l pou peyi a jwenn yon solisyon.Depi yon gwoup ap fè revolisyon ,si w renmen peyi a ,se ankouraje l.
men tande byen :Sistèm ki la,egziste depi 1915 .se lokipasyon Ameriken ki paran l.Kounya kesyon pou n poze tèt nou:Eske Guy Philippe, Jeantel ak BSAP
gen jèvrin pou konbat
Etazini ?Eske yo gen Lojistik pou twoke kòn ak Penntagòn ak CIA?
E menm moun kap di yo asoswe ak Guy Philippe ak BSAP nan revolisyon an,kou yo tande anbasadè Ameriken an di ,yo pral koupe viza,yo pral pran sanksyon ekonomik,y ap jele kontanbank moun kap finanse revolisyon an,moun sa yo ap tou efase nimewo Guy Philippe ak BSAP nan telefòn yo.
menmjan ou pa ka fè omlèt san w pa kase ze a,se menmjan an tou ou pa ka fè revolisyon an Ayiti ,ou pa ka KRAZE SISTÈM san w pa atake enterè
Etazini.Amwenske ou sou FOULAY!
Eske BSAP dwe Elimine ? Non!Paske objektif ki te kreye BSAP la te nòb !Lè nou sonje kòman Repiblik Dominiken reprezante yon menas pou 27750 km kare a,e ti kantite Polisye nou genyen an, pa menm ka asire pwoteksyon moun yo,ki dire anviwònman an,nan ka sa a enpòtans BSAP total kapital!
Leta kap vini an dwe byen pran Swen ka BSAP la merite.korije erè Jovenel Moïse te fè ,lè l te mete BSAP anba direksyon yon nonm ki gen pati politik li,kap regle mannigans politik li.Byen fòme Ajan BSAP
yo,langaj ajan BSAP yo pa fin kòdyòm !
Mete bidjè pou yo byen fonksyone,peye yo nan lè yo dwe touche ,dekwa pou Trafikan dwòg,imen ak zam ilegal pa achte konsyans yo.Gouvènman Ariel la dwe fè sa l konnen tankou mèt Jan Jak pou leta rekipere BSAP.Mete bonjan estrateji ki fyab pou sa.
Aktyelman la a BSAP nan lari a ... ki di yon BSAP nan lari,vle di tou:NENPÒT GWOUP MAFYA kapab rekipere BSAP.Mande 1000 gras padon,yon bagay konsa ta rive,se tap apse sou klou.Pou n ta gen tout Gwoup Gang sa yo kap
ekstèmine larepiblik, e pou n ta vin gen BSAP ajoute . ! Adye Bondye ! Dan ri Malè!
Chanel Saint-Louis
©GRENN BANBOU
0 Commentaires